Grandans Krim: Abitan nan lokatite Mòn Bomon, leve jwenn yon jenn gason mouri ak plizyè bal nan tèt.

902

07- 12- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pandan jou sa yo zak asasinay yo pa sispann vale teren nan Grandans lan, patikilyèman nan zònn Mòn Bomon, lokalite komin Jeremi. Abitan yo leve jwenn yon jenn gason mouri ak 8 enpak bal gran kalbi. Viktim nan resevwa majorite katouch yo nan tèt.

Selon temwaj kek moun zònn lan, pesònn pa konen enfomasyon sou jènn gason sila. Nap raple, yè madi 10 ljiye 2023 a, prèske nan menm lokalite sila, yo asasinen yo lòt jènn gason nan yon kondisyon ki trè dwòl.

Konsa, jiska prezan lapolis ak lajistis pako pwosede ak arestasyon koupab yo aprè krim san parèy sila yok ap sekwe plizyè kwentay nan depatman Grandans lan.

Comments are closed.