Kazèk annaprè 3èm seksyon kominal Tigwav la, mande responsab biwo nan vil la pou al fè kat pou peyizan yo.

07 – 28 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Kazèk asesè 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav la, Ricelin Leyonel nan yon interview li akòde ak laprès lendi 27 jiyè 2026 la, mande responsab yo nan biwo ONI Tigwav la, pou ale fasilite peyizan yo tire kat idantikasyon Nasyonal yo.
Kazèk Ricelin ki deklare majorite peyizan ap plenyen bò kote li deske yo pa genyen kat idantikasyon Nasyonal yo pandan prezidan konsèy elektoral la ap klewonnen eleksyon nan tout peyi a. Li fè konnen kat elektoral la reprezante yon pyès enpòtan nan lavi peyizan yo. Li esplike non sèlman peyizan yo bezwen kat la pou yo ranpli devwa sivik yo, men tou se avèk li pou yo tout fè tranzaksyon tankou : resevwa transfè, van’n ak achte zannimo, tè elatriye… Pandan l deklare pou yon abitan desan’n nan vil la pou tire yo kat, omwen lap bezwen 1000 goud alòske li di, li konstate ak 2 je li, peyizan vilnerab yo pa pwosede tout lajan sila a.
Nan sans sa a, kazèk annaprè a, Ricelin Leyonel mande responsab yo nan ONI Tigwav pou fè tout sa ki nan pouvwa yo pou rive pèmèt abitan yo tire kat idantifikasyon Nasyonal yo san gwo difikilte andedan 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav.






