Arestasyon 8 prezime bandi ki te antre vin kache Wanament

1,867

09-12-2022

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Lapolis nan tèt kole ak lajistis mete men nan pat kasav 8 prezime bandi ki antre vin kache nan komin Wanament

Nan yon operasyon lapolis ak lajitis mennen nan komin wanament Dimanch 11 Septanm 2022 a , yon pati Nan manm baz Kokorat San Ras, yon group gang ki opere aktivman nan Gonayiv, depatman Latibonit jwenn arèstasyon yo nan komin Wanament. Prezime band isa yo se:

1) Bitsia Pierre, 23 lane
2) Cherline Pierre, 24 lane
3) Bensia Charles, 23 lane, manman fanm chèf gang Meyer a
4) Joseph Dina, 24 lane
5) Mackensy Simeon, 23 lane
6) Benoit Jean Gardy, 33 lane
7) Jonh Peter Fleronvil, 31 lane
8) Jean Widens, 24 lane.

Nap fè remake rezo prezime bandi sa yo achte yon kay tou nèf nan Wanament e yo peye li kach ak dola ameriken nan zòn Ri Skòt.

Jn Simon Manex

Comments are closed.