Òganizasyon “Absoli Kreyasyon” òganize yon mach pasifik nan vil Tigwav pou mande lapè nan peyi a.

921

12-29-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Òganizasyon “Absoli Kreyasyon” òganize yon mach pasifik nan vil Tigwav jounen jedi 29 desanm 2022, nan lide pou mande lapè nan peyi a, espesyalman Tigwav.

Sekretè jeneral Absoli Kreyasyon an, Germain Desroches deklare ekip la pran inityativ sa a, se paske depi 10 lane, yo ap asiste ak yon kesyon valè moral kap fin disparèt e ki vin bay yon kominote invivable.

Manm yo nan òganizasyon Absoli Kreyasyon an, te genyen mayo blan ak Jean ble sou yo. Yo te mache nan divès ri andan vil la ak wout nasyonal nimewo #2 a, ak pankat nan men yo ki adrese ansanm revandikasyon yo.

Pami yo, yo mande “lapè nan peyi a”, “lapè nan Tigwav”, “lapè nan mitan  sosyete sivil la”, “lapè nan  sektè politik la”, “lapè nan sektè prive a”, “lapè nan mitan sivil ame yo”, “lapè nan sektè mizikal la”, “lapè nan mitan didye” yo kap eksite jenès lage kò yo nan fè vyolans ak bwè kleren .

Pwomosyon pou lapè, dedikas piblik, konsè, remiz pri Absoli dekouvèt, se kèk aktivite ekip la ap kontinye, soti jedi 29 desanm nan pou rive premye janvye 2023 kap vini la a.

Toutfwa, sekretè jeneral Absoli Kreyasyon an, Germain Desroches ki kwè peyi a pap kapab ale jan li prale la a, gwoup jèn sa yo desid pou redrese bak la.

JOICY Arnold 

Comments are closed.