Heberferon: yon medikaman kiben ki bay rezilta pozitif

0 470

Ciego de Avila/Kiba__(TRiboLAND) Peyi Kiba mete deyò yon medikaman ki rele Heberferon kap fè pale de li seryezman akoz gwo rezilta pozitiv li nan tretman carcinomes basocellulaires ki se maladi po.

Moun ki responsab pou kowòdone yon Pwogram nasyonal ki chaje pou devlope medikaman nan Ciego de Avila, Dunia Sotolongo deklare ke 90% malad itilizatè yo demontre bon jan kondisyon fizik. Heberferon la anpeche pwoliferasyon tumè ak lòt kondisyon ki ta gen entansyon reparèt tèt yo, li bay tou, gwo amelyorasyon kalite vi kotidyen malad la pandan lap diminye pati ki afekte yo, sitou vizaj moun nan.

Heberferon, ki se yon natif natal chèchè Sant Enjenyè Jenetik ak Bioteknoloji Lahavann, revele kòm medikaman ki pi nouvo pou trete mounn ki gen tumè kitane. Sistèm sante a nan pwoven Ciego de Avila ap itilize Heberferon depi 3 lane nan divès sant sante pami yo, lopital Antonio Luaces Iraola, sepandan yo pwevwa itilize li ane sa nan anpil lòt municipal nan Kiba, dapwè dèmatològ yo.

Sotolongo pwesize ke Heberferon geri oubyen redwi lesyon kansè po, yon maladi ke ou jwenn lakay anpil kiben sitou lè yo rete twòp nan solèy.

Leave A Reply