Tigwav: desè Jounalis Joseph Dejean Louis, swit ak yon maladi nan poumon.

1,091

02-13-2023

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounalis ou ansyen direktè Meri Ti Gwav la, Joseph Dejean Louis, li mouri nan lannwit dimanch 12 pou louvri lendi 13 fevriye 2023, nan yon lopital Pòtay Leyogan swit ak yon maladi poumon, daprè sa yon bon zanmi li, Wagner Noel ta rapòte TRiboLAND.



Selon jounalis Wagner Noel, Joseph Dejean Louis pase aviwon 18 jou nan yon lopital prive nan vil Ti Gwav; aprè jou sa yo, sitiyasyon sante li te vin pi grav, e yo te oblije transfere li nan yon lopital nan Pòtoprens e se la, li ta pral rann dènye souf li.
,
Wagner Nòel prezante jounalis Joseph Dejean Louis kòm yon krèm moun, yon bon zanmi li te konn manje e bwè ak li, li pat pwazonen li, li kwè se te yon bon moun, yon moun ki te renmen kominote li. Li te dote de yo entelijans enpresiv, trè dinamik, sansib sitou lè lap depoze atravè medya yo nan yon kalite kreyòl ki inik. Dejean, genyen yon kapasite poul tounen lang li nan fason li vle nan lang kreyòl ayisyen an pou l fè oditè li yo byen konprann ansam enfòmasyon lap pataje yo elatriye….

Nap raple, Joseph Dejean Louis mouri a 61 lane, li te anseyan, li te vis delege arondisman Leyogan, li te direktè meri Tigwav la; anplis, li te pase te korespondan plizyè radyo nan kapiltal la tankou:

Radyo Karayib,
Radyo Akansyèl
Rady sokèy
Radyo Ayiti Entè
San konte yon radyo lokal ki te
Rele Pasifik li te konn prezante
yon edisyon nouvèl ki te rele
Pakanpak.

JOICY Arnold.

Comments are closed.