Okap reprann plas piblik li yo : Lamèri lanse gwo operasyon pou libere Ri 3 nan vil Okap

07/27/2026
Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Lamèri Okap pase nan aksyon jan li te pwomèt la. Byen bonè maten lendi 27 jiyè 2026, depi 12:01, ekip minisipal la kòmanse yon gwo operasyon pou libere espas piblik ki sou Ri 3 a, kote yon mache te vin enstale depi kèk tan. Sou sipèvizyon ajan egzekitif yo, travayè yo retire vye tab, debri ak tout fatra ki t ap anvayi zòn nan, pandan yo te mete dife sou materyèl ki pa t ka itilize ankò pou netwaye espas la.
Apre sa, tout debri ki te rasanble yo te chaje nan kamyon pou transpòte yo ale jete nan espas ki apwopriye. Operasyon an fè pati yon seri mezi Lamèri Okap pran pou remete lòd nan espas piblik yo, amelyore pwòpte vil la epi bay sit istorik Christophe la yon nouvo vizaj. Ajan egzekitif yo kontinye travay san pran souf pou asire lòt espas piblik yo respekte menm prensip sa a.
Majistra Saint Croix, ki te anonse operasyon an vandredi ki sot pase a, salye demaraj travay la epi reyafime detèminasyon administrasyon minisipal li a pou reprann kontwòl espas piblik yo. Nan yon mesaj ki senp men fèm, li lanse apèl li ankò: “Libere! Libere! Libere!”, pandan li fè konnen Mèri a pap fè bak nan efò li pou restore lòd, pwòpte ak bon jan jesyon nan vil Okap.






