Ensekirite : Nèg ak zam atake Jounalis Francky Saint-Preux devan Radio Manacé

1,344

09/18/2022

Pòdpè, Ayiti _____ (TRiboLAND) Nèg ak zam atake Jounalis Francky Saint-Preux byen bonè, jodi dimanch 18 septanm 2022 a, pandan lap rantre nan Radio Manacé ki trouve-l sou mòn Betèl, a 4: 54 am byen bonè maten an. Moun yo pa rive idantifye pwente zam sou Jounalis la, pote ale tout sa ki te sou li.

Mesye Saint-Preux pat resevwa oken kou, men li te sibi anpil presyon. Francky Saint-Preux se prezantatè plizyè emisyon sou Radio Manacé ki emèt sou 90.3, depi vil Pòdpè.

Daprè Administratè Radio Manacé a, Joseph Alincy, se pa premye fwa Radio a sibi atak nèg ak zam, e yo te atake-l deja. Administrasyon radyo a, kondane ak tout fòs li yon parèy atak baba; li fè konnen yo pap fè bak nan kontinye bay nasyon an sèvis nan domèn radyo difuzyon.

Comments are closed.