Lameri ak Lapolis ap fè bwas pou egzekite yon plan ki pou leve moun ki okipe yon seri plas piblik ilegal nan vil Pòdpè

199
0
Share:
TRiboLAND

07/20/2026

Podpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lamèri ak Lapolis nan vil Podpè ap fè pye sòl maten lindi 20 jiyè 2026 la, nan kad egzekisyon yon plan ki pou leve moun ki sou youn nan plas komin lan; yon desizyon ki te pran pou fè Ri D. Estimé sans inik ak leve moun yo sou plas yo kòmanse egzekite jodi lendi 20 jiyè 2026 la.

Dezòmè, yon veyikil kap soti anba Ri Kapwa kap kandale monte, pap ka vire nan Ri Monseyè Lebyen. Li dwe monte tou dwat, se lè lap desann nan Ri D. Estimé a, lap ka vire bò lakay Rock pou kandale desann Ri Kapwa.

Antouka, jan sa te anonse, responsab yo nan minisipalite vil Pòdpè a, vle kenbe ankajman yo avèk popilasyon an, sitou nan sa ki genyen pou wè avèk dekonjesyone yon seri espas ki pa sispan koze danje e anpeche aksesibilite nan sikilasyon an anndan komin Pòdpè.

Share:

Leave a reply