Norvela Belamy: yon kad superyè BRH krible ak madanm li anba bal nan yon mini-otèl nan Delma 75

572

Pòtopwens____(TRiboLAND) Norvela Belamy se non yon lòt gwo kad ki arive tonbe ansanm avèk madanm li nan yon mini-otèl aprè midi samdi 27 jwen an nan Delma 75.

Dapwè yon sous familyàl, Mèt Belamy krible anba bal ansanm avèk madanm li nan pwòp mini-otèl yo kote ke yo te abite nan Delma 75. Kèk evidans ki kontinye ap envestige ta sanble montre te genyen yon group moun ame ki te penetre nan ofis yo ki localize nan otèl la e asasine lachman tou 2 moun yo.

Mèt Belamy ki se yon natif natal Twou Dinò, Nòdès peyi Dayiti, se yon kad superyè ou dirètè adjwen nan Banque Nationale D’Haiti (BRH) depi 20 lane. Antreprenè e pwofesè nan Inivèsite Kiskeya nan Fakilte Syans Ekonomik ak Administrasyon pandan 7 lane. Li te genyen yon metriz nan administrasyon piblik nan peyi Kanada.

Li mouri a 56 lane e kite dèyè 2 pitit fi ak yon gason. Se yon gwo kou pou direksyon BRH la e yon dram pou kad superyè nan peyi a.

Comments are closed.