Yon dife ki pa rete ak dife mete tout yon popilasyon nan tranble janm nan vil Okap

716
0
Share:
TRiboLAND

Okap-Ayisyen, Ayiti______(TRiboLAND) Yon dife ki pa rete ak dife, kreye yon panik nan vil Okap, patikilyèman nan Ri 16, maten vandredi 27 jen 2025 lan.

Enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND konfime anpil konstènasyon ak leve kouri nan mitan yon aktivite jete dlo ak bokit, daprè sa yo video kap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo montre. Ensandi a ki deklentche nan mi-jounen an, te oblije mete ajenou sèvis ponpye vil Okap la ki tap fè mouvman pou kontwole dife a ak bokit dlo, chak fwa ta genyen pwesyon dlo machinn ponpye a.

Antouka, plizyè lòt kay ki te nan lizyè ensandi a, te mete kè yo sou biskèt e pat konnen ki sen pou yo rele. Plizyè kay ou biznis ta afekte, akoz “Soul Beauty Studio and Store, bwile konplètman.

Nap raple, etèn dife nan peyi Dayiti se yon pwatik bwote dlo nan panye banbou; sa genyen anviwon pwèske yon mwa, depi ke sèvis ponpye te fè bèk atè, nan bwote dlo nan bokit fas ak yon otèl nan vil la ki te arive bwile rapye tè.

Share:

Leave a reply