Moun Jeremi santi yo fatige ak konpòtman mafye yon seri bank lòbèy ki pa sispann fè bank ak kòb ameriken kliyan yo.

1,249

04 – 05 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Lè se pa rakèt nan gaz, paspò, dlo, elektrisite, sekirite, gradyasyon, travay ak fatra, se pito difikilte nan kont bankè kote ke bank oligat kriminèl yo kontinye ap prije ou souse lajan kliyan yo nan konfyolo nèk gro palto nan Leta ki detèmine pou afondre tout malere anndan peyi Dayiti.

Pandan apwòch fèt Pak la, se revòltan e endinyan pou yon seri kliyan, pa kapab jwen lajan yo an ameriken sou kont yo.
TRiboLAND pa sispann resevwa e viv kolè kliyan Unibank atravè Grandans peyi a. Temwayaj yo nan mikro TRiboLAND, fè konpwann ke kliyan yo genyen gro difikilte pou rantre nan sikisal Unibank nan vil Jeremi, pou al reklame oubyen fè tiraj sou kanè kont yo ke genyen an dola ameriken.

Kòm kontrent yo evoke yo: se Unibank ki pa genyen dola ameriken; tou senpleman si kliyan vinn depoze anpil dola ameriken, sekirite reselè yo resevwa lòd pou ke kliyan sa yo rantre san okenn difikilte.

Viktim yo ale pi lwen pou fè konen, si responsab sikisal Unibank lan nan Jeremi dakò pou debite 50 dola sou yon kliyan kelkonk, fòk li dakò ke yap chanje’l sou plas a 155 goud jiska 160goud pou yon dola ameriken; yon desizyon atoufè mèt dàm ke viktim yo denonse kòm zak ensekirite ki genyen gro men mafya oligat kap souse san rete san popilasyon ayisyèn ki deja alagoni.

Comments are closed.