Senlwidinò : Kominote Bèje a selebre an gran panpan fèt patwonal Sen Mari Madlèn

55
0
Share:
TRiboLAND

07/24/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Maten mèkredi 22 jiyè 2026 la, yon evènman espesyal te dewoule nan Chapèl Bèje, ki nan 5èm Seksyon Senlwidinò, Dyosèz Pòdepè. Plizyè santèn moun te rasanble ak anpil antouzyasm pou te vin selebre fèt patwonal Sen Mari Madlèn nan kanton an. Atmosfè a te chaje ak lapriyè, lafwa, ak yon sans tèt kole ki rasanble tout yon kominote ki, yon lòt fwa ankò pwouve enpòtans valè relijyez yo nan lokalite Bèje.

Nan yon anbyans louanj ak konsekrasyon, seremoni an te kòmanse ak antre leader pawasyal yo ki te abiye an blan; yo tap fofile nan mitan yon asanble chaje ak pèleren ak lòt lidè pawasyal. Nan yon rityèl ki te ranpli kè moun avèk lapè ak espwa, patisipan te montre yon volonte pwofon pou rete ini nan lafwa ak Mari Madlèn.

Evènman sa a pa t sèlman yon seremoni relijye; li te tounen yon moman inik kote tout moun te santi yon diplis nan sa ki genyen pou wè avèk lafwa ak solidarite yo. Konsa, anpil moun rete kwè se yon prèv ke kominote a kontinye ap grandi nan lafwa ak respè tradisyon ak inite nan Bondye. Se yon jou ki pap janm bliye nan kè moun ki te patisipe nan selebrasyon sa a, yon moman ki raple yo enpòtans lafwa, kominote, ak devouman nan lavi chak jou.

Share:

Leave a reply