Yon delegasyon peyi Oman rive nan Teheran pou antame diskisyon avèk responsab peyi Iran sou detwa Òmouz a

27
0
Share:
TRiboLAND

07/24/2026

TRiboLAND.com

Yon delagasyon diplomatik peyi Oman rive nan peyi Iran nan objektif pou lapawoli mache sou dosye detwa Òmouz lan, patikilyèman sou sa ki genyen avèk pwosesis ki regularize navigasyon maritime rejyon an, daprè yon ajans pwès ofisyèl ki pote non “IRNA” nan peyi Iran ta fè konnen.

Enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke visit diplomatik gwo chabwak peyi Oman yo, ta antre nan kad yon seri konsiltasyon kap pran fòm yo ant peyi Ira ak Oman; yo vize mete anplas yon seri baliz apwopwiye ki pral fasilite bon jan jesyon grese sere va e vyen maritim yo sou yon parèy wout dlo sale estratejik.

Konsa, pa genyen twòp detay ki bay sou konpozisyon delegasyon sila, ni konbyen tan l’ap vizite Iran.

Share:

Leave a reply