Yon kay boule e plizyè moun arete; se bilan dega ki anrejitre aprè lanmò ajan polis minisipal la nan komin Senlwidinò

359
0
Share:
TRiboLAND


08 – 02 – 2024

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Yon kay boule rapyetè, plizyè lòt moun arete nan lokalite Lavodmi 3èm seksyon Dègranj nan komin Senlwidinò. Ensidan sa pwodwi aprè bandi ki rele Izmael te fin touye ak kout manchèt ajan polis minisipal la, Celesson Dorgil.

Izmael se yon nèg ki te disip Pierre Richard ki te konn vann bèf pou Erick Prospère (ansyen chèf bandi). Aprè lanmò kondisip li, li kontinye ap egzèse metye vòlè bèf ak kabrit peyizan yo.

Pou koulye a, ajan polis minisipal viktim nan nan mòg ap glase, alòskela Izmael, prezime kriminèl la, mete van nan vwèl li.

Se pa pou premye fwa moun Fòj ak Lavodmi touye moun gwo jounen nan je tout moun. Se otorite yo nan komin nan ki pa asime responsabilite yo ki lakòz eskalad krim sa yo kap repwodwi chak jou ki jou nan komin Senlwidinò.

Share:

Leave a reply