Gwoudou gwoudou : Pap François debloke 200 000 € pou Ayiti

1,491

08/25/21

Vatikan_______(TRiboLAND) Kèk jou apwè gwoudou gwoudou 14 out 2021 an ki koute lavi plis pase 2 200 kretyen vivan nan Gran Sid peyi Dayiti, Pap François niche pwent kreyon li e li fè Ayiti yon don 200 000 €.

Paralèlman, Pap François te egalman fè menm konsiderasyon an pou sa yo ki te fwape anba ouwagan “Yaas” ki te sweke plizyè lokalite nan peyi Bengladèch. Konsa, li akòde yon don 69 000 dola vèt pou viktim yo e bay yon lòt 100 000 € bay popilasyon Vyetnam nan kap fè fas kare ak anpil retonbe sosyo-ekonomik ak kriz sanitè.

Comments are closed.