Yon lòt fwa ankò popilasyon an nan komin Senlwidinò ap rele anmwe anba dlo.

845


05-05-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò popilasyon an nan komin Senlwidinò neye anba dlo. Rivyè Senlwi ki pa kite ni pon, ni wout ak lopital pou moun yo jwenn kote pou pran ti moso swen ak lasante. Responsab yo nan travo piblik pa tcheke pou vi popilasyon an, alòske direktè TPTC a pa moun Nòdwès e anyen pa enterese l pou moun Pòdepè.

Depi 8 jou rivyè a, kraze lopital Otrichen, wout la te kòmanse koupe, koulya pa gen yon ti espas pou moun apye pase, ale wè pou motosiklès, machin elatriye. Popilasyon an mande entèvansyon lameri prese prese.

Lapli ap tonbe ak yon fòt presyon, se premye fwa komin Senlwidinò nan twouve l nan yon sitiyasyon parèy. Souple responsab TPTC yo nan depatman Nòdwès, vin pote komin nan sekou, paske li andanje nan dènye tan sa yo.

Comments are closed.