Akoz mezi konfinman an ki lage andikape/pòv yo 2 bwa balanse, yo mande mezi dakonpayman nan men mouche Leta

0 526


Pòdpè____(TRiboLAND) Sektè andikape a nan Depatman Nòdwès, pa fenn twò wè klè mezi konfinman an gouvènman an pran e ki mande tout moun rete chita lakay yo san yon tibat bouch lè yo estime se nan lari a sitou moun andikape yo, pòv yo devan Katedral la, devan Bank Komèsyal yo, devan biwo piblik tankou prive pase jounen yo pou yo sa jwenn kichòy pou yo manje.


Responsab andikape yo nan Rejyon Nòdwés la, tankou Méprilus Jean Baptiste ki toujou plede anfavè sektè sa a, ap kesyone wòl CAS ki se Caisse Assistance Sociale, ki twouve l nan Ministè Afé Sosyal. Jan yo ta pwetann li, strikti sa ki la pou lage kichóy nan bòl sila yo ki pi pòv anndan sosyete ayisyènn pa fè santi li egziste. Popilasyon a mobilite redwit nan tout depatman an pa manke parèt nan rèv monche leta pou pa di je klè nan rankontre bèbè, avèg ak soudè.

Meprilus Jean Baptiste, ki se youn pami sa yo ki gen mobilite redwi, estime mezi konfinman sa a gouvènman an mete soupye anndan peyi a pou anpeche ankenn moun pa pran lari, se yon mezi ki abolotcho ki lage tout andikape nan woulo, sitou sayo ki depann de lòt moun pouf è piwèt nan lari.

Meprilus Jean Baptiste, Avèg

Sila yo kap chèche tibat bouch “Pen Kotidyen” devan Katedral, devan bank komèsyal yo ak douvan biwo piblik tankou pwive fè konnen mezi ijyènn otorite Sanitè yo pran pou lave men yo ansuit pou pa bay lòt lanmen pou pa trape viris la pa fè yo ni cho, ni fret. Gwoup moun sa yo deklare ke yo pa janm jwenn okenn enstans nan leta a ki venn pale ak yo sou gravite maladi CORONAVIRUS sa a, yon maladi ki pa respekte ni Pè, ni Pap.

Li enpòtan pou n raple, majorite pòt biznis yo nan Nòdwès ap fonksyone san kè sote. Mache yo chaje kouleba ak krityen vivan tout kalite. Chofè yo pa respekte kantite moun yo dwe pote nan machennn yo pou evite pwopagasyon pandemi an. Nan tiyo piblik yo ak nan estasyon gaz yo moun yo pil sou pil kote yo tout deklare lavi yo depann de Bondye Granmèt la ki gen tout pouvwa e ki se doktè pa ekselans. Pou anpil nan moun say o, yo pa janm fè gouvènman sa a konfyans sitou lè li pran yon desizyon ki pa gen tèt ni pye.

Saint jean wiskis , TRiboLAND

Leave A Reply