Premye jounen egzamen ofisyèl yo pou klas filo, dewoule san gwo difikilte nan komin Tigwav.

65
0
Share:
TRiboLAND

07 – 13 – 2026

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Premye jounen egzamen ofisyèl yo pou klas filo, dewoule san pwoblèm nan rejyon gwavyèn lan, jodi lendi 13 jiyè 2026 lan, selon enspektè distri Leyogan lan, Louis Frantz Baptita.

Enspektè Baptista deklare genyen 919 kandida ki te enskri, 885 ap evalye epi 34 absan. Selon enspektè a, egzamen an ap dewoule nan 5 sant: tankou Lise Fosten Soulouk, lekòl Nasyonal Bòno Lama, mè Lasajès, EFACAP ak lekòl Metodis yo ke yon konsidere kòm sant pou evalye kandida bak pèmanan yo.

Sou bò pa kandida yo, opinyon yo pataje sou premye jounen egzamen an, pou sèten kandida, yo byen konpoze e ministè a bayo sa yo wè nan sal klas yo. Pou yon lòt kategori, egzamen an te difisil anpil; yo fè konnen yo pa espere fè mwayèn yo pou premye jou an. Kandida yo evalye maten lendi 13 jiyè a nan filozofi, e aprèmidi a yo konpoze nan chimi.

Share:

Leave a reply