Canes Beauport , yon prèt Vodou nan Jeremi, bay opinyon li sou avan pwojè Konstitisyon an.

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Canès Beauport, yon prèt Vodou ki tap patisipe nan atelye pwopozisyon sou Avan Pwojè Konstitisyon an, fè konnen, vrè pwoblèm peyi a, pa pwoblèm pou chanje Manman Lwà peyi a, depreferans se Konstitisyon an dirijan yo pa aplike.
Prèt Vodou sila, ale pi lwen pou mande mesye dàm ki sou pouvwa a, pou pwan genyen ti miyèt konsyans, sispann vyole dwa nasyon ayisyèn an, bay peyi a yon chans, ak posibilite pou aplike lwa yo, yon fason pou konstwi yon Ayiti demen miyò; kote tout ayisyèn e ayisyen ap kapab ranpli wòl ak devwa yo.
Finalman, Canès Beauport ankouraje tout pitit peyi a, pou òganize yo menm jan ak zansèt nou yo, kite mete tèt ansanm pou sòti nan esklavaj anba grif kolon blan yo. Pandan ke- l fè kwè, malgre jefò granðèt yo te fè, men sa pa vle di pou otan, chenn esklavaj lan pa nan mantalite nou. Konsa, nèg Afwik Ginen an, ankouraje tout relijyon tout relijyon pweche dekolonizasyon mantal kap bwase bil peyi Desalin nan.






