Dezòmè, Minisipal Okap Ayisyen-an menase pou pini moun kap okipe twotwa

187
0
Share:
TRiboLAND

Administrasyon minisipal Kap-Ayisyen an fè sòti yon nòt pou atire atansyon piblik la an jeneral e patikilyèman sitwayen kap itilize twotwa sou boulva Kap-Ayisyen ke li entèdi pou moun okipe espas sa ki se espas leta.

Dezòmè, desizyon legal sa ki efektif apati jodi-a ki se Dimanch 11 Dawou-a 2019, pèsònn moun pa otorize mennen kèlke swa aktivite nan sou oken twotwa boulva-a. Minisipal-la reitere ankò volonte li pou konbat inasèptab ki dejou anjou ap anvayi e devalorize espas nan vil-la ki rele leta chè mèt chè mètrès.

Antouka minisipal la menase pou ta sezi asistans lapolis pou fasilite tout dispozisyon legal kont tout fòm vyolasyon ki sijè bètibe vwa piblik sa ki dwe yon espas lib.

Share:

Leave a reply