Wout Ba Nòdwès se riske lavi!

247

Abitan yo lonje dwèt yo sou Prezidan Jovenel Moïse ki sispan woule yo nan faren

09\26\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Abitan k’ap viv Ba Nòdwès, prensipalman nan komen Jan Rabèl denonse eta lamantab twonson wout Pòdpè pase Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola pou al bout Bèdeèn. Kondisyon difisil moun sa yo ap vwayaje, soulve kòlè KOSNO ki se (Konbit Òganizasyon Pou Sove Nòdwès).

Pòtpawòl òganizasyon sa a, atravè yon konferans pou laprès, jounen jedi 24 sept 2020 an, Rosima Rosly, lonje dwèt li sou Prezidan Repiblik la Mesye Jovenel Moïse li di ki te fè moun Nòdwès yon dividal pwomès elektoral pami yo: konstriksyon wout Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola, Bonbadopolis, e Bèdeèn e ki toujou rete aloral. Li ajoute pou’l di pa gen anyen ki kapab motive yo pran chemen eleksyon toutotan pa gen anyen ki fèt sou wout BaNòdwès yo kote wout sa yo tounen yon veritab lanfè mizè rere pou malere pasajè ak chèche lavi.

Pòtpawòl la, Msye Rosima Rosly, fini pou’l di li pa konprann Prezidan Jovenel Moïse! “Li te pwomèt manje nan asyèt pèp ayisyen an alòske jis jounen jodi a dlo Trois Rivières kontinye ap gaspiye nan lanmè e sa ki pirèd la, pa gen yen okenn anseyan ki arive resevwa chèk mwa out alòske mwa septanm saa deja rive nan bout li. Bagay sa a montre, aklè, mesye sa yo, nan Palè Nasyonal, pat gen okenn plan pou retire peyi Dayiti nan eta lye jounen jodi a”, daprè Rosima ki tap depoze.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.