John Kelly blese mòtèlman: otorite yo toujou pa fè konnen sikonstans sa rive

06/24/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon mesye ki idantifye kòm Jhon Kelly, anpil moun konnen sou non “Kokobe”, mòtèlman blese maten mèkredi 24 jen 2026 la nan zòn ki pa twò lwen Komisarya Pòdpè a, daprè enfòmasyon ki ap sikile nan vil la. Evènman an te atire anpil kiryozite nan mitan popilasyon an pandan plizyè moun t ap chèche konprann sa ki te pase egzakteman.
Selon kèk sous ki poko konfime ofisyèlman, viktim nan ta mouri apre ensidan an. Menm sous sa yo fè konnen non Jhon Kelly te deja konn site nan divès rimè ak enfòmasyon ki t ap sikile nan kominote a konsènan move zafè li ta abitye patisipe, men pa gen okenn deklarasyon ofisyèl ki disponib pou konfime eleman sa yo.
Jiskaprezan, ni lapolis ni lòt otorite konsène yo poko pibliye okenn nòt ofisyèl sou koz lanmò a. Popilasyon an ap tann plis presizyon nan men otorite konpetan yo pou fè limyè sou dosye sa a.






