Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Pòdpè yo anonse yo leve grèv la pou yon ti bout tan.

08 – 20 – 2024
Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Pòdpè yo anonse ayè lendi 19 dawou 2024 la ke yo deside leve grèv la pou yon ti bout tan.
Desizyon sa a sòti tout swit apre COMAD te fin pran desizyon atravè yon korespondans ke yo adrese ak minis Jistis la, pou te anonse li ke yo leve grèv la sòti ayè 19 dawou a pou rive 20 novanm k’ap vini la.
Rejwenn yonn nan sibtiti komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Pòdpè yo pou konnen, èske yo gen entansyon re-aktive grèv la nan dat 20 novanm k’ap vini la? Komisè a reponn si minis Jistis la, Me. Carlos Hercule pa reponn ak satisfaksyon yo wè pa wè, grèv la ap re-aktive ankò nan dat yo endike a ki se 20 novanm k’ap vini la a.
Yon desizyon ki lakòz plizyè aktè nan jiridiksyon Nòdwès la tire pye fas ak konpòtman malatchong bloke tribinal pasi pala komisè gouvènman yo, lè yo konsidere yon kantite jistisyab k’ap kwoupi nan prizon jamè lage.







Triboland