Divès elèv nan Lise Francois Capois nan vil Pòdpè mobilize pou mande Prezidan repiblik la Jovenel Moise yon lokal pou loje lise sila.

190

03/20/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Divès elèv nan Lise Francois Capois nan Pòdpè te pran lari jounen vandredi 19 mas 2021 an, nan lide pou mande Prezidan repiblik la Jovenel Moise retire yo anba pak zannimo ke yo loje yo pandan yon bon bout tan.

Elèv yo nan sikonstans lan, ki tap repete anpil eslogan tankou: “fòk leta respekte dwa elèv lekòl nan peyi a”.
Dapwè Prezidan jeneral Lise a, Msye Berlin “sityasyon elèv nan lise sila konplike anpil,” lokal la degrade sa ki lakòz dekonb chak jou ki jou, pa sispann fè san elèv yo koule, ki di solèy oubyen lapli, yonn pa jwe anfavè lise a. Yon lise san pòt san fenèt, san bibliyotèk, san lwazi, san blòk sanitè, sa ki genyen an dapwè Prezidan an, li ap sèvi gwo zotobre nan anviwonman lise a, ak direksyon an.

Konsa, Berlin lonje dwèt li byen long sou Prezidan repiblik la poul fèl sonje pwomès li te fè ak yo, lèl te pwomèt, li pwal konstui 3 lise nan depatman nòdwès la. Berlin nan deklarasyon li raple Prezidan Jovenel Moise pa gen peyi san edikasyon.

Yon lòt bò, li denonse konpòtman fewòs ak awogans dirijan lise sila, ki chak fwa yo deside revandike dwà yo, fè tantativ pou mete yo deyò nan lise a.

Pou Bèlen nan 7 lane kel genyen nan lise sila,li pako jwenn pou pi piti yon enspektè ki mande yo kisa yo pote pou vann anba vye ansyen kay Papa Dòk ak madanm li Michèle Bennett te konstwi a.

Li enpòtan pou konnen lise fwanswa kapwa kreye depi nan lane 2006 sou demach ansyen senatè Fwanswa Lika Senvil, depi lè saa, pa janm gen yon dirijan ki mande kisa yo pote pou vann.

Antouka, Berlin kise Prezidan jeneral lise a, mande Jovenel Moise, konstwi lise a yon mannyè pou retire yo anba vye dekonb ki chak jou ap fin kase tèt yo nan espas sila. Poze yo kesyon sou kilè? Ki jou? Ki dat yap kite lari a? Yo reponn kiskaske Prezidan an tande vwa yo.

Comments are closed.