Pakè Pòdpè deside leve sele Lakay kontab DINEPA Pòdpè a nan kad dosye detounman gwo magogo lajan nan jou ki sot pase yo.

05 – 29 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Sou demand kabinè Mèt Edler Louimar, komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans nan jiridiksyon Nòdwès la, Mèt Applys Félix, deside an gwo ponyèt leve Sele ki te poze sou kay kontab DINEPA a nan kad dosye gagotaj 40 milyon goud la.
Pou anpil moun k’ap swiv dosye a, se gwo magogo lajan ki bay ak Pakè Pòdpè pou leve nan yon lè chanprèl sele jij Maxime Duma gene te poze sou lakay kontab la. Tankou jan sa toujou fèt, eskanmòtè kap vann jistis la nan mamit nan lave kon Pilat peche kapito kòritè a nan anstitisyon dlo a, soulve endinyasyon popilasyon an nan vil Pòdpè.
N’ap raplew ke komisè Alangue Valbrun te deja defere dosye a nan kabinè denstriksyon pou swit nesesè yo. Aprè yon parèy desizyon desele a, madanm akize a te deja trouve nan kay la e ramase kèk bataklan mete dèyè yon motosiklèt e jete pye’l.






