Etazini kontinye ap mete pwesyon sou otorite ayisyèn yo pou yon kesyon eleksyon avan ane 2021, aloske kritik yo raple Etazini ke Ayiti se yon peyi souvren

644

07/13/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Malgre sitiyasyon kriz peyi Dayiti a djak sou djak, peyi Etazini pa sispan klewonnen e mete pwesyon sou otorite ayisyèn yo pou òganizasyon eleksyon avan ane 2021 an bout, dapwè yon mesaj ki soti nan anbasàd amerikèn nan Pòtopwens jodi madi 13 jwiyè 2021 an.

Otorite amerikèn yo pa sòti pou chanje pozisyon inisyàl sou òganizasyon eleksyon yo, malgre asasinay pwezidan defakto a, Jovenel Moise.  Sekretè Deta Ameriken an, Anthony Blinken egzòte dirijan politik ayisyen yo pou yo fè yon sèl tèt kole atravè yon vizyon ki angaje tout sèktè pasifikman yon fason pou ouvwi chemen pou òganizasyon eleksyon eleksyon lib san fòs kote.

Plizyè diferan lidè politik estime ke yo fatige ak pozisyon peyi Etazini kap manniganse e ap fè tout sa ke li kapab pou kontinye pase chifon sou tikal dwà ak souverènte ke peyi rete a. Kèk lidè politik menm ale pilwè pou mande ki kote Etazini te ye lè rejim diktatè Papa Dòk la te pase 30 lane san eleksyon; alòske yo tap bay rejim sanginè a tete.  Pèp ayisyen fatige ak fyèv eleksyon sa yo ki fè peyi plis mal nan tonbe anba lidè ke   yo enpoze li pou li pa janm fè yon pa. Se yon pwosès anpil antite nan kominote entènasyonal pa sispan itilize pou bay gòl ak men nan jwèt mèt dàm. Kritik yo rete kwè, chak fwa gen eleksyon, antite sa yo itilize vilnerabilite administrasyon peyi a pou enpoze nasyon an moun pa yo ki pou kontinye efondre pwemye repiblik nwa a.

Nan yon konferans pou lapwès ke yo bay jodi madi 13 jwiyè a nan Pòtopwens, kominsyon kap travay pou solusyon deplwàtonnen kriz la deklare atravè 2 pòtpawòl li: Madam Magalie Georges ak Pwofesè Ted ST Dic ke yo pa genyen oken ijans politik kontrèman ak ijans entènasyonal la. Pèp ayisyen se yon pèp ki souvren, yo pa genyen oken soumisyon yo pràl pran nan men kik ke se swà! Eleksyon ap fè lè ayisyen an arive konprann tèt li e define kote ke li vle ale! “koulya se moman pou nou pale pli ke jamè de “nosyon souverènte” pa nou, paske pèp ameriken, pèp fwansè, pèp kolonbi e latriye pa negosye souverènte lakay yo, Ayiti dwe fè respekte souverènte ak otonomi li tou; menm jan yo te fè sa nan lane 1990″, dapwè deklarasyon Pwofesè St Dic. Alòske sendikalis Josué Merilyen, ale nan mensan lan. Li envite tout sèktè fè yon feso ou yon fwon komen nan degaje yon konsansus nasyonal yon fason pou pa kite “bòt blan” an antre vini mete pye sou kou nou kòm nasyon yon lòt fwà ankò!

Lòt kritik avanse, solusyon kriz peyi a dwe soti anndan peyi Dayiti, avèk ayisyen san dikta ak konsèy etranje ki anpil fwà lage peyi a nan tchouboum e fè blam nan tonbe sou lidè yo ankò e fè yo parèt iresponsab nan je rès monn lan. Dezi tout ayisyen pou peyi a pran desten l an men, menm jan ak tout lòt peyi kap jwi otonomi yo ak pouvwa pou deside sa ki bon pou yo e pou peyi yo.

Ayiti ap fè eleksyon, lè li fini geri yon seri mal, dechiri politik ak devizyon sosyàl ke yon antite nan entènasyonal la ap alimante depi plizyè deseni. Konsa, atravè yon konferans nasyonal ki kapab dote peyi a yon konsansus nasyonal nan yon lòt direksyon sistematik; konsa, finalman lap pwepare pou fè eleksyon jan sa dwe fèt selon volonte popilè ak dirijan responsab e patriyotik.

Comments are closed.