Administrasyon kominal Tigwav la, òganize yon rankont ak ak divès reprezantan enstitisyon etatik nan vil la.

75
0
Share:
TRiboLAND

06 – 06 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Lameri nan Tigwav, òganize yon gwo rankont ak divès reprezantan enstitisyon etatik nan vil la, vandredi 05 jen 2026 lan, nan lokal enstitisyon an. Pami yo komisè gouvènman ai pakè a, mèt Danilo Valès, komisè polis la, Herard Joseph, direktè APN nan, Wilken Dicette, direktè jeneral meri a, Mikerlange Poulard pou ‘n site yo sèlman.

Objektif rankont sila, selon responsab yo nan meri a, se pou mete fren nan gwo kamyon trailer kap kouri san kontwòl nan kesyon kabotaj ou komès sou wàf Tigwav la.

Plizyè mezi enpòtan adopte pou evite degradasyon wout yo. Otorite yo antann yo sou yon nouvo pakou pou gwo kamyon yo ki di ki lè yap kapab sikile nan vil la pou ni lè rantre ak lage lekòl yon fason pou pwoteje paran ak elèv yo. Toutfwa, genyen gwo bout tonton mezi ki pral adopte kont tout chofè kamyon ki pavle mete an aplikasyon nouvèl mezi sa yo.

Li enpòtan pou nou konnen, depi blokaj sistematik gang yo nan Matisan, boujwa sal akapare komès la atravè yon seri bato kap debake machandiz sou wàf Tigwav la; konsa kòwonpi sila yo ki nan tout move zafè, okazyone gwo kamyon trailer ap bidonvilize divès wout nan vil Tigwav ki pa sispan defigire.

Share:

Leave a reply