Otorite dominikèn yo entèdi “Mach Dyaspora” ayisyèn nan: Claude Joseph kalifye yo “RASIS”

840

07-09-2023

Claude Joseph pa bay otorite dominikèn yon souf, li trete yo ankò “rasis” fas ak entèdiksyon “Mach Dyaspora” ayisyèn nan, nan Repiblik Dominikèn.

Antouka, aprè ke otorite dominikèn mete entèdiksyon pou “Mach Dyaspora” ayisyèn nan ke yo te deja otorize pou jodi dimanch 9 jiyè 2023 a, ansye Chanselye ayisyen an, Claude Joseph kontinye yon yèm fwa ankò, detrese bò tèt gouvènman dominiken an, ke li konsidere kòm “RASIS”.

Pou ansyen minis Afè Lòt Bò Dlo” ayisyen an, “Se pè yo pè, yo pa ta renmen wè plizyè milye nwa ap mache ansanm nan yon elan solidarite avèk Ayiti. Yon parèy desizyon pou entèdi yon parèy mach, li tou senpleman rasis; paske li pa jiridik e li pa politik”.

“Mwen apiye tèt kale, inisyativ entènasyonal Église Tabernacle de Gloire pastè Gregory Toussaint an, kap fè solidarite ak peyi Dayiti. Mwen pa etone ak konpòtman basès anti-ayisyen otorite dominikèn yo, ki tradwi yon Leta ki anti-ayisyen”.

Comments are closed.