Pòdpè : 24 moun jije nan Asiz Kriminèl aprè 6 lane absans

590
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè sis lane san okenn asiz kriminèl, Tribinal Premye Enstans Pòdpè sot òganize yon gwo seri odyans kriminèl ak asistans jiri, ki te dewoule soti 14 jiyè pou rive 4 dawout 2025. Dwayen tribinal la, Me Ernest M.K. Desravines, prezante bilan ofisyèl odyans sa yo kote 24 akize te parèt devan lajistis sou 14 dosye.

Daprè sa Me Desravines fè konnen, rezilta asiz yo repati konsa: 9 moun libere, 10 moun kondane a tan, 3 moun kondane a pèpetyite epi 2 dosye ranvwaye pou dat ki poko fikse.

Dwayen an deklare li satisfè ak fason odyans yo te dewoule, malgre limit materyèl ak difikilte estriktirèl yo. Li remèsye tout aktè ki te mete men ansanm pou reyalizasyon seri asiz sa yo, e li mete aksan sou sakrifis manm jiri yo, ki te mobilize pandan twa semèn manch long.

Share:

Leave a reply