MSPP lanse gwo kanpay vaksinasyon kont difteri nan Nòdwès la

79
0
Share:
TRiboLAND

05/23/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), atravè Direksyon Depatmantal Sante Nòdwès la ki gen nan tèt li Doktè Metelus, lanse yon semèn vaksinasyon kont maladi difteri nan depatman an, soti 25 pou rive 29 me 2026. Kanpay sa pral dewoule nan tout komin yo, espesyalman nan zòn ki plis afekte yo tankou Pòdpe ak SenLwi Dinò. Daprè otorite sanitè yo, yo deja idantifye plizyè ka sispèk ansanm ak 2 ka lanmò, sa ki fè responsab yo pran mezi prese pou limite pwopagasyon maladi a. Difteri se yon maladi kontajye ki kapab grav, men vaksen rete pi bon mwayen pou evite li.

Nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal, plizyè ekip medikal pral deplwaye nan lekòl ki nan komin Pòdpe ak Senlwi Dinò pou vaksinen timoun ki gen laj 6 rive 15 lane. Kanpay la pap sèlman limite ak lekòl yo, paske lòt ajan sante pral deplwaye tou nan diferan katye ak kominote pou rive vaksinen timoun soti nan laj zewo rive 2 lane. Responsab yo mande paran yo pou mete kat vaksinasyon timoun yo disponib, yon fason pou pèsonèl sante yo kapab verifye si timoun yo deja pran dòz vaksen ki nesesè yo oswa si yo bezwen resevwa lòt dòz ankò.

Otorite sanitè Nòdwès yo raple maladi difteri a danjere anpil, men li kapab evite si timoun yo pran vaksen yo alè. Yo ankouraje tout paran pou pa neglije pwoteksyon timoun yo, paske vaksen ede kenbe yo an sante kont maladi sa. Responsab yo fè konnen tou, nenpòt timoun ki ta trape maladi a dwe ale lopital prese prese pou jwenn swen nesesè yo. Tretman an kapab dire anviwon dis jou, epi apre gerizon an, timoun nan dwe pran vaksen an anvan li kite lopital la pou evite lòt konplikasyon.

Share:

Leave a reply