Radyo Sansasyon nan Senlwidinò ap soufle 25èm bouji li an gran panpan

1,359

08-20-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Pou make 25 lane egzistans Radyo Sansasyon , yon seri aktivite prevwa òganize soti vandredi 19 pou rive dimanch 21 out 2022 a.

Aktivite yo repati konsa : vandredi 19, apati 2 zè pm, ap gen defile nan lari ak fanfa san konte mojorèt kap mete piblik la sou pa kadanse. Aprè sa, ap gen kous apye, kous bisiklèt, kous cheval; epi vè 6 zè lanjelis, se pral yon match amikal Radyo Sansation vs Radyo Tel Phénix .

Samdi 20 dawou a, staff Radyo Sansasyon an ap andeplasman ansanm ak kèk pwoch radyo a, pou evalye 25 lane egzistans lan.

Dimanch 21 dawou vè 6 zè 30 nan maten, yon mès aksyon degras ap chante nan legliz katedral Senlwi Rwad Frans lan. Nan menm jounen an, vè 1 è nan aprèmidi, yon dine espesyàl ap òganize nan Ideal Club. 8è pm ap gen yon sware kiltirèl devan Radyo a, ak diferan atis envite. Epi yon bouyon popilè an gran panpan. Bonne fête à vous tous!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.