Yon delegasyon elu ayisyen-ameriken vizite Ayiti nan okazyon gwoudou gwoudou 14 out 2021 an

1,484

08/30/2021

Pòtopwens——(TRiboLAND) Reveran Rudy Laurent, ansyen depute majistra Spring Valley nan New York, konfime visit yon delegasyon elu ayisyen- ameriken nan peyi Dayiti jodi lendi 30 out 2021 an.

Delegasyon sa ki soti nan zantray “The National Haitian American Elected Officials Network” (NHAEON), te genyen pou pase yon ti kadè anndan peyi a; li te genyen pou rakontre ak anbasadè Etazini an, pwemye minis Ariel Henry, Disaster Assistance Response Team (DART) ak pèsonèl USAID a, Direksyon jeneral pwoteksyon sivil, plizyè manm lame amerikèn ak pèsonèl USAID ki nan peyi Dayiti, dapwè ansyen depute majistra Laurent.

Nap raple se yon visit doktè delegasyon ki genyen nan tèt li konseye munisipal North Miami an, Alix Désulmé san konte yon pakèt lòt latriye manm ki te gen pou pran elikoptè pou founi je gade dega gwoudou gwoudou fè nan Gran Sid peyi a.

Comments are closed.