Avoka yo nan bawo Pòdpè a sou wout pou fè bèk atè nan kad dosye, ajan UDMO kite maspinen kòlèg yo a.

896

Odyans koreksyonèl kont ajan UDMO “Frajil” ensikoni, sou wout pou li pa pote fwi, pou yon dezyèm fwa ankò.

07-04-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Odyans koreksyonèl, sou odyans koreksyonèl yon bal pa pati. Malgre komisè gouvènman pakè Pòdpè a, Mèt Aplys Félix, te ekri direktè depatmantal branch Nòdwès la, ak responsab Imigrasyon Nòdwès yo, pou voye mande non polisye ki te bastone avoka Olguy Lubin nan jou kite pase yo; nan kad yon odyans koreksyonèl, yon bal pat pati.

Pou responsab Imigrasyon an, se tap yon derespektan sil ta voye non polisye a ale bay lajistis, paske sekirite biwo a, se sou kont polisye yo li ye.

Pou direktè depatmantal polis Nòdwès la bò kote pal, li pa rekònèt “Frajil” ensikoni, nan efektif li a. Se tankou mw taka di’w bagay yo vrèman melanje.

Divès kesyon ap poze sou dosye sila pou konnen, èske bawo Pòdpè a, pral kase dan’l nan kad dosye sila? Èske lajistis se oksilyè lajistis, oubyen èske se lapolis ki se oksilyè lajistis?

Pou anpil moun, bawo a fenk kare konte odyans paske, yo pat respekte nòm pwosediral yo; mete sou kòz politik ak administratif, se latriye rezon sa yo, ki kòz polisye a pap janm parèt devan pòt tribinal la.

Comments are closed.