M’KOZE Òganize yon seyans fòmasyon pou manm li yo, nan lokalite Beyatris, Tigwav

63
0
Share:
TRiboLAND

05 – 23 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan lide pou ranfòse òganizasyon debaz ak lidè kominotè yo, Mouvman Kole Zepòl (M’KOZE), nan tèt kole ak medsen Dimonn Swis, òganize yon seyans fòmasyon pou manm li yo jounen samdi 23 me 2026 lan. Kidonk, aktivite sila te plis chita sou vyolans ki baze sou fi ak gason. Lokal òganizasyon an, ki trouve li nan lokalite Beyatris, 11èm seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav, p’at genyen kote pou pike epeng.

Direktè egzekitif M’KOZE a, mesye Remilhomme Célestin Desroches ki te pran lapawòl nan kad seyans fòmasyon sila a, deklare atant yo, se wè manm li yo kapab pi byen konnen ki jan pou yo ede moun kap viv nan kominote a ki viktim vyolans tout kalite.

Bò kote pa patisipan yo, yo felisite M’KOZE ak medsen Dimon Swis pou inityativ sa yo pran pou fòme yo nan domèn vyolans. Yo swete enstans yo òganize lòt seyans fòmasyon nan zòn nan yo estime kap itil yo anpil.

Share:

Leave a reply