MSPP demanti rumè ki ta lèse konprann ke Pòdpè ak Leyogann ap fè fas kare ak yon gwo epidemi fyèv

245

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon nòt bwit sou kou li fè sòti jodi lendi 22 fevriye 2021 an, Misistè Sante Piblik ak Popilasyon voye jete yon pakèt vye rumè de grenn goch ki ta vle fè konprann ke vil Pòdpè ki apèn òganize Kanaval Nasyonal la ap fè fas kare ansanm ak vil Leyogann ki mawonde anba yon gwo epidemi fyèv.

Nòt MSPP a rapouswiv pou li di ke ekspè nan sante yo te mennen ankèt sere sere nan diferan zòn nan rejyon an, yo pa dekouvwi oken fyèv epidemi. Sepandan, ministè kap distribye moso sante a kontinye afiche volonte li pou li rete veyatif e kontinye ranmase enfòmasyon pandan l’ap rete an kontak sere ak ofisye epidemoloji yo sou kesyon an.

Otorite sante yo mande pou popilasyon a redouble vijilans yon fason pou yo pa pran nan fo-nouvèl sou rezososyàl kap sikile yon fason pou pran moun nan zizirit e menm kreye panik nan mitan popilasyon an.

Comments are closed.