Pati Politik Pitit Desalin branch Nòdwès bay yon konferans ak la près jounen mèkredi 01 me 2024 la, nan vil Pòdpè.

824


05 – 01 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan prezans divès patizan ak senpatizan, Pati Politik Pitit Desalin branch Nòdwès, òganize yon konferans pou laprès jounen mèkredi 01 me 2024 la, nan lide pou mande manm Konsèy Prezidansyèl yo aji vit sou sityasyon difisil pèp ayisyen an.

“Pèp la paka tann ankò”, se kri pòt pawòl depatmantal Pitit Desalin branch Nòdwès la, Pierre Réginald. Nan sans sa a, pòt pawòl la mande ak konseye yo rezoud, prese, prese pwoblèm ensekirite a ak yon apezman sosyal bò kote mas pèp la, yon mannyè poun rive sou eleksyon.

Yon lòt bò, li mande ak reprezantan yo a, Emmanuel Vertilaire, pou jete yon koudèy sou travay ki t’ap fèt nan depatman Nòdwès yo, tankou, twonson wout Pòdpè /Jan-Rabèl, Pòdpè / Ansafolè, Pon sou Ti Rivyè nan Senlwidinò, Lise Lamenè nan Senlwidinò, poun site sa yo sèlman.

Pou pòt pawòl la, se plis ke ijans pou konseye yo panche sou pwoblèm Nòdwès yo paske gen plizyè kòb ki debloke pou latriye pwojè nou sot site la yo ki, jiskaprezan pa janm ka kòmanse vwa pou yo ta fini.

Comments are closed.