Direksyon Lapolis nan depatman Nòdwès la ap brase lajan nan imigrasyon Pòdpè a, alòske li kontinye ap fè fòtinn nan tèt kole ak gang Tibwadòm pou ransone popilasyon an.

1,387

Zòn Tibwadòm, yon zòn ekonomik pou lapolis ak bandi fè richès

07-15-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Batay ki tap mennen ant lapolis ak bandi Tibwadòm yo, pou te pran kontwòl wout Pòdpè-Kafoujòf la, ta sanble rive nan bout li; aprè gwo defèt lapolis te fin resevwa sou wout la nan jou ki sot pase yo.

Pou anpil moun, ajan UDMO yo nan depatman Nòdwès la, oblije sede pou bandi yo akòz jwèt anba tab k ap fèt ant Direksyon Depatmantal Nòdwès la ak komèsan yo nan pase kontenè machandiz sou wout la.

Lapolis nan depatman Nòdwès la, ki genyen nan tèt li Louis Edner Hyacinthe, ap chèche lajan; bandi yo ap chèche lajan, pèsòn pa epanye. Yon evènman k al debouche sou fèmti pòt DDNO a, nan jou ki sot pase yo, e lage ti mesye UDMO yo nan imigrasyon Pòdpè a.

Konsome kòripsyon san parèy nan direksyon depatmantal imigrasyon branch Nòdwès la, ajan UDMO sa yo, prè pou maltrete, touye nenpòt inosan ki ta mal pase nan biwo a, alòske bandi yo kontinye ap feraye sou wout Tibwadòm nan, anba je yon swadizan dirèktè lapolis ki fè kolònn ak gang Tibwadòm pou ransone popilasyon an.

Bilan bandi yo nan Tibwadòm vrèman egzajere sòti nan peryòd abandon polisye yo, jis rive jounen jodi a. Plis pase 15 gwo kamyon kidnape, san konte yon latriye moun yo kidnape kont ranson. Majorite kòb ki bay zak malonèt sa yo, separe ak direktè rejyonal la kap fè fòtinn, pandan li ta gen entansyon pou transfere lòt ajan UDMO onèt ki okouran ke li se yon veritab ajan gang kap apovwi depatman Nòdwès la atravè rezo gang Tibwadòm nan.

Sa komèsan ap pase anba men dirèktè depatmantal polis branch Nòdwès la, pa genyen bouch pou pale. Yo menm panse retire kò yo nan ti demele ke yo ap fè, paske bangay la revòltan.

Anpil moun estime, awogans avèk krim finansyè e aktivite gang ke Louis Edner Hyacinthe ap pyafe ladan’l, ta montre ke li jwen lisans nan men Ariel Henry ak tout Dirèktè jeneral PNH la, Frantz Èlbé. Hyacinthe fèmen je’l sou tout aktivite gang yo nan Tibwadòm kap kidnape moun, machinn, machandiz chak jou ki jou. Alòske, genyen ajan UDMO ki vle travay pou ale kontrekare gang ke dirèktè a ap pwoteje yo.

Popilasyon Nòdwès la ap mande konkou LAJISTIS pou pa senpleman transfere yon parèy dirèktè gang kòwonpi, men egzije arestasyon li ak reparasyon pou volim krim finansyè, domaj ak asosyasyon malfektè ke yon parèy koure gang koze Nòdwès peyia ki te deja abandone.

Comments are closed.