Divès aktivite reyalize nan Grandans nan okazyon Jounen Nasyonal Ansenyan yo

05- 18- 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou make Jounen Nasyonal Anseyan yo, direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans lan, pwofesè Newton Germain nan tèt kole avèk kad direksyon depatmantal la, realize divès aktivite nan lokal direksyon depatmantal lan. Seremoni sila ki te reyini plizyè sèktè konsène, te aksantye sou remiz plak distinksyon bay sis anseyan eksperimantal ki genyen plis pase karant lane nan sistèm edikatif lan. Kidonk, se yon seri pwofsyonèl edikatif ki bay enèji yo ak savwa pou edike sosyete a.
Pou direktè depatmantal edikasyon Grandans lan, pwofesè Germain, fè chwa sis figi anblematik sa yo kòm anseyan dekaryè pou apresye travay yo nan mond edikatif lan pat ditou fasil; sa vle di genyen anpil lòt pwofesè kap fè menm travay la ki se: fòme ou enstri yon latriye jenerasyon pou demen.
Nan non chèf gouvènman ak minis edikasyon an, direktè Germain ankouraje kòlèg anseyan li yo pou fè prèv pwofesyonalis kòm ansenyan kap delivwe enstriksyon akademik nan peyi a. Konsa, chanjman ke nou swete wè a kòm nasyon, ap pèmèt pitit peyi a viv yon vi ki pi desant nan yon anviwonnan modèn.






