Kèk jou aprè katastròf natirèl yo, pwoteksyon sivil fè yon ti jès ak kèk viktim.

1,048

06-11-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Delege depatmantal Grandans lan, agronòm Louissaint Cezar nan non gouvenman anplas lan, e nan tèt kole avèk pwoteksyon sivil Grandans, fè premye jès imanitè ak anviwon yon santènn viktim inondasyon ak tranblemantè 6 jen 2023 yo, patikilyèman ak moun ki moun ki plis nan nesesite yo.


Benefisyè yo resevwa dlo, kit istansil kwizinn, e kit alimantè, annatandan akonpayman nòmal yo vini, si nou ta vle kwè deklarasyon reprezantan ekzekitif lan, agronòm Louissaint Cezar.

Louissaint te pwofite okazyon an pou anonse ke gouvenman Ariel Henry a, deja kontakte fanmiy moun ki te genyen moun mouri nan tranblemantè 6 jen 2023 a, sitou nan Sentelèn kote nan 2 kay te genyen 3 moun mouri, pami yo, yon ti fiyèt 13 lane.

Comments are closed.