Direktris pwoteksyon sivil Grandans lan madam Christine Monquele lanse sezon siklonik lan pou ane 2026 lan.

102
0
Share:
TRiboLAND

06 – 02 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sezon siklòn pou ane 2026 lan lanse ofisyèlman nan lokal sant operasyon ijans lan, premye seksyon kominal Jeremi, lokalite Chato.

Selon direktris lan, madam Christine Monquele “Pronostik pou sezon siklonik 2026 lan”, daprè sa Colorado State University Tropical Storm prevwa 8 jiska 14 tanpèt tropikal, 3 jiska 6 ouragan ak yon ogmantasyon chalè pou peryòd premye jen 2026 pou rive 30 Novanm 2026 e depatman Grandans trè riske.

Direktè Jeneral pwoteksyon sivil lan, Emmanuel Pierre ki tap entèvni sou vizyon konferans te mete aksan sou nesesite pou ranfòse ak kontinye travay kòdinasyon yo ; epi ranfòsman kapasite enstitisyon yo pou prepare plan kontenjans 2026 lan jis pou mye fòme ak enfòme popilasyon an nan kat kwen depatman Grandans lan.

Ansanm otorite etatik ak patenè òganizasyon non gouvènmantal tankou – CARE- OIM- EPER- GOAL e latrye, pwomèt plis esplikasyon nan kad plan kontenjans ki vize diminye risk yo pandan move tan nan Jeremi ak rès komin depatman Grandans lan.

Share:

Leave a reply