2 lòt makrèl gouvènman Jovenel Moise la endekse nan masak Bel-Air a

292
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon rapò li mete deyò pou fè lumyè sou masak Bel-Air a ayè Madi 17 Desanm 2019 la, Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH) atravè yon dokiman ankèt fè eta de 4 rive 8 Novanm 2019, mwens pase 24 moun ke yo te touye; 5 lòt ki blese anba bal; 28 kay ak 11 machinn ensandyè rapye tè e ak 2 lòt kay ki krible anba bal.

Nouvo rapò masak sa li endekse Minis Enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo, Pierre Josué Agénord Cadet ak pase pran Sekretè Deta Sekirite Piblik la, Leon Donsard Saint-Cyr kòm moun ki te maniganse masak la yon fason pou te etènn souf mobilizasyon ki tap pran chè kont Jovenel Moise yo.  

RNDDH, endinye akoz pasivite reselè otorite judisyè yo ki pa sispann bay tete ou pwoteje chèf gang kap fè masak nan non gouvènman an e ki jwi pwoteksyon tou bò kote PNH la. Rapò a fè referans ak Jimmy Chérizier alyas “Babekyou”, Wilson Pierre alyas “Ti Sonson”, chèf gang “Krache dife” san konte yon pakèt lòt bandi ki ta sanble finanse pou te egzekite masak Bèl-Air a.

Konsa, selon òganizasyon kap pare kou pou dwa moun yo, deklare ke responsab judisyè yo pa jamè manifeste efò pou mete fwen sou moun tankou Jimmy Chérizier ki pa sispann miltipliye masak atravè rejyon metwopolitènn nan. Li envite pouvwa egzekitif la resezi li pandan ke lap revise estrateji li yo.

Share:

Leave a reply