Regwoupman gang “Viv Ansanm” masakre popilasyon an yon lòt fwa ankò nan Kafou 93.

807

04 – 18 – 2024

Kafou, Ayiti____(TRiboLAND) Bagay yo dejenere nan komin Kafou, jounen jedi 18 avril 2024 la. Regwoupman gang “Viv Ansanm” ki achte depatman Lwès la lajan kontan, fè yon gwo masak sou popilasyon an nan komin Kafou, patikilyèman nan Waney 93.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, genyen anviwon 8 jiska 13 moun ki ta pèdi lavi yo, san konte divès lòt moun ki blese.

N ap raplew nan jou ki sot pase yo, gang “Viv Ansanm” yo te deja anonse y ap fwape popilasyon an devan kou dèyè.

Comments are closed.