Pòdpe franchi yon nouvo etap nan desantralizasyon ak sèvis sètifika polis la

05/18/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Vil Pòdpe resevwa yon nouvo sèvis enpòtan nan depatman Nòdwès la, kote Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) mete sèvis sètifika polis la disponib nan rejyon an anba sipèvizyon SDPJ. Enspektè Marc Justin te sou plas pou lanse ofisyèlman sèvis la, se Enspektè Bony Donatin chèf pèsonèl sèvis sa. Inisyativ sa a vini kòm yon gwo soulajman pou anpil sitwayen ki te konn oblije fè long deplasman pou rive Pòtoprens afen jwenn dokiman sa a. Sètifika polis la se youn nan pyès ki pi enpòtan pou plizyè demach administratif, paske li sèvi kòm prèv yon moun pa enplike nan zak malonèt oubyen lapolis poko anrejistre li nan okenn dosye kriminèl.
Seremoni enstalasyon sèvis la te fèt an prezans plizyè otorite lokal ak depatmantal. Pami yo te genyen majistra a Ralph Moreau, direktè depatmantal Polis la Fred Joseph, Komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a ansanm ak prezidan Chanm Komès Nòdwès la Jordan Hérard Verdule. Responsab yo fè konnen objektif prensipal sèvis sa a se fasilite lavi popilasyon an pandan y ap ranfòse aksè ak sèvis piblik nan rejyon yo.
Nan mitan popilasyon an, anpil moun pa kache satisfaksyon yo devan avansman sa a yo konsidere kòm yon siy desantralizasyon reyèl nan peyi a. Plizyè sitwayen estime sèvis sa ap diminye depans, fatig ak risk moun te konn pran pou al chèche dokiman sa nan kapital la. Yo pwofite lanse yon apèl bay pi gwo otorite Leta yo pou kontinye dekonsantre sèvis piblik yo atravè lòt depatman peyi a, yon fason pou tout sitwayen kapab jwenn menm opòtinite ak menm aksè ak sèvis Leta yo.






