Okap anba tansyon, popilasyon Chanpen rejte yon èd senbolik, egzije solisyon ki genyen nen nan figi

131
0
Share:
TRiboLAND

04/27/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon sèn tansyon eklate nan zòn Chanpen, nan Okap, kote plizyè sitwayen te kouri dèyè Minis Afè Sosyal la, Marc Elie Nelson pandan weekend lan, nan moman li te vin distribye kèk ti kit asistans. Sitiyasyon an te rive nan yon moman kote plizyè fanmi deja ap sibi konsekans move tan, ki lakoz inondasyon ak difikilte grav nan lavi chak jou.

Dapre temwen yo, èd ki te pote a te limite anpil : kèk gode diri, yon ti sachè pwa maskarad, yon ti bidon lwil ak yon sèl pakè espageti. Pou anpil moun nan kominote a, jès sa a pa koresponn ak reyalite yo ap viv la. Yo konsidere li kòm yon aksyon senbolik ki pa atake vrè rasin pwoblèm yo, sitou nan yon kontèks kote yo ap lite chak jou ak dlo, labou ak ensekirite ekonomik.

Popilasyon an te pwofite eksprime fristrasyon yo ak klète : yo mande plis pase asistans tradisyonèl ak krizokal. Dapre yo, sa yo bezwen se aksyon dirab tankou netwayaj kanal, kreyasyon travay, ak mezi ki kapab retabli dinyite yo. Revandikasyon sa yo mete an limyè nesesite pou otorite yo adopte politik piblik djanm e ki plis estriktire pou reponn ak kriz ki ap frape plizyè zòn nan peyi a.

Share:

Leave a reply