Yon sibstans ki ta sanble ak gazolin dekouvri nan yon twou nan Ri 19 A, Okap

09/21/2026
Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Popilasyon an nan vil Okap dekouvri, aprè midi lendi 21 septanm 2026 la, yon twou nan Ri 19 A kote yon sibstans ki sanble ak gazolin ap soti. Dekouvèt sa a leve anpil kesyon nan mitan rezidan yo, sitou akoz risk yon prezans idrokabòn ka reprezante pou moun ak anviwònman an.
Kèk minit aprè, delege depatmantal Nò a, Mèt Marc Presume, rive sou plas la pou evalye sitiyasyon an. Daprè deklarasyon li, li te fè yon tès sou sibstans lan e rezilta li jwenn fè l di li sanble ak gazolin. Responsab la mande moun yo pa pwoche bò kote twou a epi li mete entèdiksyon sou aksè nan espas la pandan otorite ki gen konpetans nan domèn nan poko fin evalye sitiyasyon an.
Delege depatmantal la konfime li deja mande Police National la pran kontwòl espas la pou sekirize zòn nan. Li di se otorite konpetan yo, sitou espesyalis nan sektè petwòl la, ki dwe fè analiz ki nesesè yo pou detèmine egzakteman orijin ak nati sibstans lan. Pandanstan, popilasyon an envite rete lwen zòn nan pou evite nenpòt risk pandan y ap tann konklizyon teknik otorite yo.






