Machann yo nan vil Okap retounen nan Mache Kluni : yon leson detèminasyon devan inèsi otorite yo

47
0
Share:
TRiboLAND

04/28/2026

Kap Ayisyen, Ayiti ______(TRiboLAND) Apre plis pase de mwa depi gwo dife ki te ravaje Mache Kluni nan Kap Ayisyen, machann yo pran desten yo an men. San okenn sipò konkrè nan men Mèri Okap, yo lanse yon kanpay netwayaj ak pwòp mwayen yo. Avèk bale, pèl ak anpil kouraj, yo retire debri yo, prepare espas la pou relouvri mache a, yon espas ki reprezante sous lavi pou plizyè santèn fanmi.

Malgre plizyè manifestasyon yo te òganize pou mande entèvansyon otorite yo, repons lan te rete fèb. Sitiyasyon sa a pouse ti machann yo pran yon desizyon radikal: retounen okipe mache a tèt kole. Se konsa, yè lendi 27 avril la, yo kòmanse re-etale machandiz yo, bay mache a yon nouvo souf lavi. Aksyon sa a montre yon fòm rezistans sosyal kote popilasyon an pa tann ankò, men li aji pou siviv.

Nan deklarasyon yo, plizyè machann deklare se nan gwo tèt chaje yo te ye pou reponn ak bezwen fanmi yo. Yon sitiyasyon ki te afekte yo paske vin vann nan mache à se veritab sous ki alimante lakay. Machann yo kritike pasivite Mèri a, ak fo pwomès gouvènman defakto Alix Didier Fils Aimé a.

Relouvèti Mache Kluni an vin tounen yon senbòl detèminasyon ak diyite. Li mete an limyè feblès jesyon lokal la, men li montre tou kapasite òganizasyonèl machann yo. Kesyon k ap poze kounye a se, èske otorite yo ap pran responsabilite yo pou akonpaye mouvman sa a, oswa èske se popilasyon an ki ap kontinye pote chay devlopman an pou kont li?

Share:

Leave a reply