Komisè Gouvènman Pakè Okap la mande pou Direktè Polis Nò a transfere plizyè polisye

118
0
Share:
TRiboLAND

05 – 15 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon korespondans Komisè Gouvènman Pakè Okap la, Me Durand Charles Edouard ekri Direktè depatmantal PNH la nan depatman Nò peyia, li mande-l pou idantifye tout polisye SDPJ ki tap manifeste devan palè Jistis Okap la, pou transfere yo nan Polis Administrative.

Komisè Gouvènman an mande DDN/PNH la sa, aprè plizyè polisye kap travay nan SDPJ tal manifeste devan TPI Kap-Ayisyen an, lendi ki te 14 me 2024 la pou mande otorite nan piwo nivo Leta yo pou revoke Dwayen Tribinal Premyè Enstans Nò a, Jij Joseph Alfred Manigat kap vann jistis nan laye kòripsyon tankou nan gode diri fo mamit.

Daprè sa CG Okap la fini pou di, aprè transfè polisye yo nan Polis Administrativ la, ap kapap gen lòt swivi ki fèt. ‎

Share:

Leave a reply