Ministè Sante Piblik la nan Grandans ranfòse sistèm sanitè a avèk yon kapasite katreven senk manm pèsonèl

81
0
Share:
TRiboLAND

04 – 18 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfose sèvis debaz sanitè yo atravè estrikti sanitè a nan Grandans, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, nome katreven senk manm pèsonèl sante, pami yo karant enfimyè e enfimye san konte plizyè manm administrative ki pral degaje yo delivre laswenyaj atravè katòz komin depatman Grandans lan.

Li enpòtan pou soulinye ke se direktè depatmantal Sante Piblik Grandans lan, doktè Pierre Boutròce Gally ki te pwezide seremoni livrezon lèt nominasyon yo yè jounen Vandredi 17 avril 2026 la, nan lokal TAK nan vil Jeremi. Plizyè chabrak nan let ate pwezan; e paran ak zanmi pwòch nouvo nome yo, te boure espas la ki pat kapab plis moun.

Nan diskou sikonstans lan, direktè depatmantal la, te egzote nouvo anplwaye sila yo, pou respekte tout pwensip sou bon fonksyonnnan sistèm sanitè a, e manifeste respè pou pasyan yo. Kidonk, li swete tout pwofesyonèl sila yo ap prezan nan pòs travay yo jan regleman ak pwotokòl enstitisyon sanitè a egzije sa.

Share:

Leave a reply