Pòdepè Lasante: Anviwon 300 sitwayen resevwa swen sante ak medikaman gratis

Medsen, Enfimyè, ak Fàm Saj te mobilize, Dimanche 07Jwiyè 2019 la, nan Lokal Assemblées Chrétiennes de L’Église du Reste de la Postérité, Chan Aviasyon, nan vil Pòdpè nan kad aktivite Klinik Mobil.


Plis pase 300 peyizan te resevwa laswenyay ak medikaman gratis, nan kad yon pwogràm Fon Nasyon Zini Pou Popilasyon “UNFPA” ak Sant Devlopman Sante “CDS” mete soupye nan Nòdwès tou switdepi katastwóf 6/7 Októb 2018 la ki te okazyone anpil moun nan depatman-an te victim. Yon pwogràm konsa vize tou medàm ansent yo, selon madàm Charléus Eugène Middly, yon Enfimyè Lisansye ki tap kowòdone aktivite Klinik Mobil sa-a pou jounen Dimanch 7 Jwiyè 2019 sa-a.
Majorite ka medsen yo revele lakay peyizan yo, se pwoblèm lestoma ak pwoblèm enfeksyon sitou lakay medàm yo ki, petèt konekte ak move dlo yap sèvi selon youn nan Medsen Jeneralis yo, Louis John Peterson. Ki donk, Medsen Louis konseye popilasyon Nòdwès la pou-l pa itilize twòp grès answit pou Leta Ayisyen prensipalman ” Konpayi DINEPA” gen je louvri sou kalite dlo popilasyon ap itilize. Selon Dr Louis John Peterson, enfeksyon kap tripote medam yo gen anpil pou wè ak dlo yap itilize-a.

Antouka, aktivite Klinik Mobil, se youn nan aktivite ki vinn popilarize nan tout depatmam Nòdwès la. Konsa, UNFPA ta sanble li bay yon ti amelyorasyon nan pwomote swen sante gratis bay yon popilasyon ki deja ap naje nan mizè.
Se poutèt sa, Madàm Charléus Eugène ankouraje popilasyon an pou l toujou pwan sante-l an men e chèche asistans medikal chak fwa gen Klinik Mobil kap òganize nan zónn kote yap viv la.
Saint jean wiskis, TRiboLAND






